Pòdpè: Pawàs Sacré Coeur de Jésus nan Fon Nimewòl (Dè Letan) fete 14è ane egzistans li

566

06/11/2021

Fon Nimewòl, Pòdpè ______Se maten jodi vandredi 11 jwen 2021 an, pawàs Sacré Coeur de Jésus selebwe nan fason pa li 14èm anivèsè yon parèy strikti eklzyastik ki se yon inisyativ regrete memwà Monsenyè Polo nan depatman Nòdwès la.

Dapwè Frè Luckmane Cyriac ki se pwezidan pawàs la, sa genyen 14 lane lè Monsenyè Polo te konstate ke anpil moun nan zòn Dèyè Letan te genyen difikilte pou mache yon bon distans pou al legliz. Konsa, nan sousi pou te akomode yon ti kominote ki tap boujounen, Monsenyè Polo asosye avèk Frè Luckmane Cyriac e Noel Carlo yo te arive jete baz yon Ti Chapèl, ki apwè yon ti bout tan vin pran elan avèk entwodiksyon yon lekòl pwimè ki pou desèvi kominote a. Anpil Pè deja pase nan pawàs la e pèspektiv yo bay anpil espwà, selon Luckmane ki tap depoze sou Radio Marconi FM ak TRiboLAND.

Kesyon sou eta dam li fas ak yon parèy selebwàsyon, Frè Luckmane deklare “se pi gwo kontantman ke li genyen lè lap gade enpak vizyon Monsenyè Polo a genyen sou kominote a, sitou nan nivo sosyàl ak espirityèl, transfòmasyon pesonèl lakay fidèl yo, se plis ke enkwayab!

Noel Carlo ak Monsenyè Polo mouri kite yon travay ki kontinye rapwoche nou ansanm e fè nou gwoupe avèk menm fwa e menm objektif”, dapwè Luckmane ki estime ke selebwasyon fèt pawàs la te kapab pi grandyos si kowona a pat pote ale yon pakèt gwo lidè eklezyastik lakay papa yo.

Comments are closed.