Pou pipiti yon bandi fè vwèl pou peyi san chapo, 2 lòt jèn fanm mare kou krab, se bilan PNH la nan 3 em seksyon Petitans.

841

Black Satan, se non yon gwo koure ki fè vwèl pou peyi san chapo, san konte Roselourde Isarak ak Joseph Roseline, ke yo mare kou krab.

08-21-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Lapolis nan 2èm vil peyi Dayiti, fè yon gwo kout filè aprè midi lendi 21 dawou 2023 a. Pou pi piti yon bandi fè vwèl pou peyi san chapo, 2 lòt blese gravman grav, epi mare kou krab, se bilan operasyon chèf lòd yo, nan 3èm seksyon Petitans, dapwè sa kòlèg jounalis nou, Ti Carry, Mèt vokal rapotè.

Endividi ki fè vwèl pou peyi san chapo a, se Black Satan, ki te espesyalize li nan brakaj ak kadejak; epi Roselourde Isarak 16 lane moun Sen-Rafayèl, ak Joseph Roseline 18 lane, moun Kap-Ayisyen.

Lapolis nan vil Kap-ayisyen di yo detèmine tout bon vre, pou yo mete “bòy nan pwa” tout belijeran yo e kraze tout bandi sangwen ki ta gen volonte pou mete dlo nan zye popilasyon Kapwaz la.

Comments are closed.