Yon Doktè jwenn arestasyon l nan vil Okay

2,535

02/20/2022

Okay_____(TRiboLAND) Anketè Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) nan Sid peyi Dayiti pwosede ak arestasyon Doktè Altema Smith yè samdi 19 fevriye 2022 a nan blòk Ri Duvivier Hall Street, vil Okay.

Doktè Altema Smith ki genyen 38 rekòt, te genyen pandye sou tèt li yon “manda pote vini” ke komisè gouvènman Tribinal Pwemyè Enstans Okay la, Mèt Ronald Richemond te emèt dèyè pwezime annafè a.

Gwo tonton akizasyon ki pandye sou Dòk la pa piti : zak malonèt ou aktivite malfektè, asasinay, dilatasyon ak detounman ti lèzanj sou yon ti pitit ki rele Romélus Adriana Jeudy ki te arive mouri, dapwè Marie Micheline Nono, manman ti inosan viktim nan.

Doktè Altema Smith reveye an malmakak maten an anba men otorite polisyè depatman sid la, kote ke lap rete tann pwosedwi legal yo.

Comments are closed.