La Ligue haïtienne des femmes du renouveau (LIHFER) mande pou gouvènman fè retrè sou dekrè nouvo kod penal la

378

LIHFER ki se Ligue haïtienne des femmes du renouveau, pa vle rete bwa kwaze  fas ak vag protestasyon sou tèritwa nasyonal la kont dekrè nouvo kod penal Jovenel Moise la ki lage anpil konfuzyon.

Selon Madanm Pedrica St Jean, reprezantan LIHFER, nouvo kod penal sa konteste anba je tout sèktè nan sosyete ayisyènn nan. Se yon dekrè ki entansyonèlman fèt pou bay aktivite omoseksyèl jarèt ak lisans anndan peyi a.

Feminis la rapouswiv pou’l di ke li tap pi preferab pou chèf Deta a chèche amelyore kondisyon sosyo-ekonomik peyi a pito olye pou li ta prosede nan pibliye yon bagay ki pap rezoud pwoblèm peyi a.

Comments are closed.