Fòmasyon TRiboLAND: Gwo seminè sou fabrikasyon diven avèk chanpayn gratis pou tout legliz ki bay Sent Sèn

985

10-09-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad misyon li pou amelyore sitiyasyon sa yo ki an difikilte ekonomik, TRiboLAND Medi Network lanse yon lòt fòmasyon gratis sou fabwikasyon diven ak chanpay pou inikman kongregasyon eklezyastik yo nan Nòdwès peyi a.

Fòmasyon sila ki pral dewoule nan “Eglise Évangélique Baptiste Peniel”, samdi 14 oktòb 2023, 9:00 – 11:00 am, pral reyini yon latriye legliz ou manm ki abitye prepare la Sent Sèn. Yon objektif ki vize soulaje depans  chak mwa ke konsène yo ap fè nan achte diven. Gwo opòtinite sila, pral pèmèt yo reyalize pwòp diven yo e elimine depans nan achte yon parèy pwodwi, pral kaba ajamè.

Fòmasyon sila kap dire 2èd tan, ap fèt anba direksyon 2 fòmatè chevwone ki metrize san lakinn, domènn fabwikasyon pwodwi chimik la trè byen. Sesyon an gratis e inikman rezève pou kominote eklezyastik la ki pwatike seremoni Sent Sèn.

Konsa, tout konsène ou dirijan enstitisyon relijyez ki pwatike Sent Sèn, dwe rele (37944192; 40458760) e anrejistre tout patisipan (2 patisipan sèlman pou yon legliz) ki kalifye pou yon parèy fòmasyon.

L’Église Évangélique Baptiste Peniel, Rue Bénito Sylvain, Port-de-Paix.

Comments are closed.