Yon depo gaz klandesten detri e 2 moun jwenn arestasyon yo

281

07-18-2022

Twou Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon komisè gouvènman pakè Fòlibète a Mèt Eno ZÉPHIRIN mennen nan tèt kole ak sekirite li yo nan sant vil komin Twoudinò jounen dimanch 17 jiyè 2022 a, li dekouvri yon depo gaz nan yon espas klotire; yo jwenn yon (1) sitèn, 12 gwo chato dlo, apeprè 50 dwoum, galon ak anpil lòt veso ki pa apwopriye pou mete gaz.

Komisè gouvènman pakè Fòlibète a mèt Eno ZÉPHIRIN, te mande jij depè komin Twoudinò a, Mèt Oscar M. Fils-Aimé pou te vin fè konsta legal yo epi poze sele sou espas la. Talinx Pierre ak Bernuis Pierre yo te kenbe ap vann gaz sa yo, te jwen arestasyon yo e retouve yo nan gadavi komisarya polis Fòlibète a pou swit legal, dapre lwa 20 desanm 1946 pou trafik ilegal nan pwodui petwòl.

Pandan nap souliye, jounen dimanch 17 jiyè a tou, nan Ri Libète zòn Anba Gaya nan sant vil komin Wanament, ak zòn Monrepo nan seksyon kominal Bayaha ki nan komin Fòlibète, yon pati nan popilasyon an te leve kanpe pou kritike pri gaz la kote yon galon gazolin ap vann mil senk san goud (1500).

Jn Simon Manex

Comments are closed.