ASFAVNO denonse nominasyon yon gason nan tèt Ministè Fanm nan epi mande revizyon desizyon an

65
0
Share:
TRiboLAND

05/12/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Asosyasyon Fanm pou Avansman Nòdwès (ASFAVNO), ki prezan nan tout depatman peyi a, monte vwa li pou denonse nominasyon yon gason kòm Direktè Jeneral Ministè Fanm ak Dwa Fanm. Òganizasyon an fè konnen desizyon sa a pa respekte lespri kreyasyon ministè a, ki te fèt pou defann enterè fanm yo ak ranfòse prezans yo nan espas desizyon yo. Daprè ASFAVNO, lè Leta chwazi mete yon gason nan tèt enstitisyon sa a, sa voye yon move mesaj sou kapasite fanm yo pou dirije.

Òganizasyon an raple Ayiti siyen plizyè angajman entènasyonal tankou Pwogram ak Plan Daksyon Beijing 1995 ansanm ak Konvansyon CEDEF la, ki ankouraje egalite ant fanm ak gason epi batay kont diskriminasyon sou fanm. ASFAVNO estime desizyon sa a ale kont efò ki fèt depi plizyè lane pou ogmante patisipasyon fanm yo nan espas pouvwa ak desizyon politik yo. Pou responsab yo, li pa nòmal pou fanm yo toujou rete minorite nan gwo pòs estratejik yo, menm nan Ministè ki la espesyalman pou kesyon fanm yo.

Pandanstan, ASFAVNO ansanm ak plizyè lòt òganizasyon feminis ak pèsonalite fanm nan Nòdwès la mande Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou retounen sou desizyon an epi nonmen yon fanm ki gen konpetans pou dirije Ministè Fanm ak Dwa Fanm nan. Yo kwè genyen anpil fanm kalifye ki kapab mennen batay pou dwa fanm yo avèk plis sansiblite ak angajman. Responsab òganizasyon an fè konnen y ap kontinye mobilize pou fè tande vwa yo sou kesyon sa a.

Share:

Leave a reply