Laskahobas: Nan yon operasyon lanjelis, ajan PNH yo mete men sou yon prezime gwo chèf gang

208

Laskahobas_____(TRiboLAND) Plizyè moun nan Lakahobas bat gwo bwavo pou yon chèf gang notwà ke Polis Nasyonal la arive fouke.

Jonas Bastien ki se alatèt yon group gang sangwen ki pote non “Pè Lebren” arive jwen arestasyon li madi kite 19 janvye nan lanwit nan yon operasyon lanjelis san zatann.

Nan menm sans lan tou, otorite lokal yo felisite kolaborasyon plizyè antitite nan popilasyon an ki te fasilite ajan PNH yo mete men sou Jojo ki t’ap simen anpil latwoublay nan rejyon Laskahobas la ki egalman enfekte ak aktivite gang.

Comments are closed.