2 militan politik jwenn arestasyon yo nan Delma 31

365

Pòtopwens____(TRiboLAND) Patrice Célestin ak Guy Numa Joseph se 2 militan politik ke yon patwouy polisye (numewo imatrikilasyon 1-00179) arete jodi Lendi 18 Me 2020 an nan Delma 31.

Militan sa yo ke yo idantifye kòm manm opozisyon radikal la, te sou yon cha ki tap kreye animasyon nan kad sansibilizasyon kont kowonaviris la.

Konsa, patwouy la ki tap resevwa anpil kout wòch bò kote patisipan yo te tire bal ak gaz lakrimojènn apwè ke yo te arete e bat egalman Pwofesè Josué Mérilien ke yo te vinn lage kèk ti tan apwè.

Kèk lidè politik pa sispann rele 2 men nan tèt pou zak vagabondaj gouvènman Moise-Jouthe ap miltipliye nan vyole libète ak dwa moun.

Comments are closed.