Prizon sivil Okay :Yon antrepriz Bòlèt bay prizonye afame yo sipò alimantè.

1,089

07-03-2022

“La Différence Borlette” distribye divès sak diri ak mayi nan lide pou ede kwape grangou nan prizon sivil Okay la.

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Kèk jou aprè alèt komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, sou kondisyon prizon sivil jiridiksyon sila; Mèt Ronald Richmond, ki te fè kwè anpil prizonye ap mouri anba grangou, chalè, e latriye.

Se konsa, jounen dimanch 3 jen 2022 a, ” La diférence Borlette “, yon konpayi daza delege yon ekip epi bay responsab komisarya vil la plizyè sak diri ak mayi, nan lide pou rive sove kèk vi prizonye ki depi, yon bon bout tan ap mouri lafen nan sant enkaserasyon sila.

Si nou ta vle kwè responsab prizon penitansye yo, prizonye sila yo, se yon veritab lanfè san jije: pa gen dlo pou bwè ak benyen, pa gen lamanjay, vwa pou swen medikal ak ijyèn.

Dapwè deklarasyon divès sitwayèn, sitwayen, rès gouvènman moun tèt san cheve yo, ki genyen nan tèt li mouche Ariel Henry, Chèf CSPN nan, ta sanble Doktè a fèmen zye l sou egzistans agoni prizonye sa yo kap mouri akoz move tretman san charite?


Comments are closed.