Angletè : Rènn Elizabeth II enfekte anba kovid-19

2,272

02/20/2022

Angletè_____Rènn Angletè a, Elizabeth II enfekte anba kovid-19, dapwè yon nòt Palè Buknigham fè sòti jodi dimanch 20 fevriye 2022 a.

Otorite Palè a deklare ke rènn wàyàl la ki genyen anpil tan ap renye nan peyi Angletè, genyen 95 rekòt; lap fè fas ak yon ti sentòm grip lejè pandan lap kontinye gazouye e pa fè twò gwo jefò nan Chato Windsor a nan semèn kap vini an.

Antretan, rènn Elizabeth II ap kontinye pran bonjan swenyàj medikal krese sere ak swivi pwotokòl nesesè yo, dapwè nòt ki soti nan palè a.

Li enpòtan pou sinyale ke rènn Angletè a te pran vaksen kowonaviris pandan 3 fwà.

Comments are closed.