Yon fwàp ayeryèn nijeryèn touye pa erè sèt ti inosan nan peyi Nijè

2,098

02/20/2022

Nijè______(TRiboLAND) Nan chèche reponn agresyon zak malonèt gwoup jiradis yo pa sispan miltipliye nan zòn sahèl la, yon fwàp ayeryèn nijeryèn touye apepwè sèt ti inosan e blese senk lòt pa erè nan yon vilaj ki rele Nachade yè vandredi 18 fevriye 2022 a nan peyi Nijè, dapwè sa ke media lokal yo rapòte.

Nan yon deklarasyon ke li arive fè apwè ensidan an, gouvènè rejyon Maradi a, Chaibou Aboubacar fè konprann “se yon erè fwàp ayeryèn nijeryèn sou fontyè a ki arive koze viktim say o sou tèritwà nan vilaj Nachade”.

Comments are closed.