Ajans Inivèsitè Frankofoni lanse yon sant pou ogmante konesans jèn yo nan ekonomi

244
0
Share:
TRiboLAND

John Jean Jacques

02/19/2022
Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès yè vandredi 18 fevriye 2022 a, Ajans Inivèsitè Frankofoni anonse lanseman yon sant pou ede jèn yo monte nivo yo nan plizyè branch ki gen pou wè ak ekonomi.

Nan konferans pou laprès sila a, Gouvènè Bank Mondyal la, Jean Baden Dubois, te pale de vizyon ke Bank Santral genyen pou fòme ak ankadre jèn yo. Apa sa, yon parèy demach vize egalman amelyore konpetans yo nan ekonomi, kontablite, antreprenarya ak nan edikasyon finansyè anvan pou ba yo direksyon nan sistèm finans lan.

Na moman konferans lan, plizyè antite tankou: anbasad Swis nan peyi a, Bank Repiblik Dayiti, Fondasyon Sojebank, Fokal ak Ajans Inivèsitè Frankofoni angaje yo atravè Pwogwam “Rezo Solidè Akonpanyeman Kreyasyon Antrepriz”, nan objektif pou yo kontribye nan ogmante kapasite ekonomik etidyan ayisyen yo kap gen pou resevwa yon diplòm aprè 2 lane.

Share:

Leave a reply