Grav ensidan nan biwo Eta Sivil seksyon Nò Jeremi an.

1,146

06-23- 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) 2 blese grav ak yon blòk betan, nan moman kèk paran ki te vinn fè ak nesans pou pitit yo nan yon kay ki loje biwo Eta Sivil seksyon Nò Jeremi a, ki te andomaje depi pasaj siklonn matye 3,4 oktòb 2016 la.

Ravaj siklònn Matye yo ki te melanje ak dezas tranblemandtè 14 dawou 2021 an, twaka enfwastrikti prive ou piblik; e ki te anpil kay fisire an malmakak; san pale sou tranblemandtè 6 jwen an, ki mete djak sou djak. Konsa, devan fenomènn kay ki fisire a ki trè kouran nan depatman Grandans lan, male re ki te vinn pran sèvis nan ti kondouk kote Leta ap bay sèvis la, andomaje akoz blòk ki tonbe sou yo.

Plizyè moun blese maten an nan tèt, akoz blòk ki sot nan plafon, tonbe sou yo, nan ti kay lamantasyon an ki fisire anba sakad plizyè katastwòf natirèl, alòske te genyen fon ki te debloke pou amelyore kay viktim yo. Enfo TRiboLAND ta arive kolekte ta fè konnen, se lwe Leta peyi lwe ti kay sila, ki reprezante biwo “Eta Sivil” seksyon Nò a.

Malgre ensidan sila pase nan vil Jeremi jounen jodia; anplwayè yo te oblije soti anba kay la, e kontinye pwosesis sèvis la deyò ak yon ti kaye nan men; yon tablo mizerab ke popilasyon Jeremi an pa merite.

Selon konsta TRiboLAND fè, 95% kay ki loje biwo leta yo, fisire. Konsa, danje malè pandye sila, lakoz anployè pa vle rantre anndan kay ki pweske tonbe yo pou al chita. Sèvis ki genyen nen nan machwè li, se djòb tout Leta serye ki respekte tèt li, pandan lap pwoteje vi ak byen sitwayèn ak sitwayen atravè sèvis piblik yo.

Comments are closed.