Krim sanginè nan lokalite Kasanèt, sekwe komin Bomon.

571
0
Share:
TRiboLAND

Bomon, Ayiti (TRiboLAND) Saint Jean Pierre, se notab 84 lane, nan komin Bomon, ki asasinen ak koute manchèt, nan zonn Kasanèt premyè seksyon kominal Bomon. Yo akize viktim nan kòm malfektè ou lougawou ki fè makakriyèz pou te touye Lusette, ki se madanm yon sèten Jean Deny Oniezin.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, fè kwè se Jean Denis Oniezin, mesajè tribinal depè Bomon an, ki ta alimante zak asasinay la, ki se elimine ak kout manchèt Saint Jean Pierre, yon pèsonaj respetye ke anpil moun pa sispann manifeste respè pou li nan kanton an.

Fanmi viktim lan, mande komisè gouvènman an, pou mete aksyon piblik an mouvman kont pwezime kriminèl la, Jean Denis Oniezin ak tout ekip li komèt yon parèy krim. Li enpòtan pou konnen ke, Jean Denis te wonfle anba baton plizyè manm nan fanmiy viktim nan, sou pretèsk yo pa vle bay zonbi madam Jean Denis kite mouri kèk jou anvan.

Nap raple, sa genyen plis ke sis lane depi komin Bomon pa genyen komisarya ak prezans lapolis; tout sa genyen pou wè avèk yon gwo lèse fwape ki te genyen ant manm popilasyon an ak yon polisye ki te arive touye yon chofè taxi moto; konsa, yo te pase anba flanm dife komisarya a rapye tè.‎

Share:

Leave a reply