Gouvènman ayisyen an promèt pou li konbat kòripsyon

299

10\03\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Gouvènman ayisyen an reyitere volonte li yè jedi 1 oktòb 2020 an, pou’l konbat kòripsyon e mete an nòd finans piblik li selon espri nouvo ane fiscal 2020-2021 an.

Premye Minis Joseph Jouthe pran angajman ak tèt li pou adrese responsablite, propriyete, tè moun ak respè pou bidjè nan diminye yon seri finansman ak defisi.

Bidjè ane dènyè a te arive klotire ak yon krèy problems ki te gen pou wè avèk pandemi Kovid-19 la ak sitiyasyon malmakak sosyo-politik la, lakoz peyi a pèdi plizyè milyon dola.

Daprè Komisyon Nasyonal pou Sekirite Alimantasyon, 95% revni chak fanmiy te totalman tonbe e chomaj la te desann plat atè jiska 10%.

Ayiti te anrejistre tou preske yon fayit jiska yon twazyèm nan ekspòtasyon li, e kèk 1.4 bilyon goud (plis pase 30 milyon dola vèt) pat jamè antre.

Yè mèkredi a, egzekitif la aprouve yon bidjè 254 bilyon goud (swa 3,6 bilyon dola) ki pa menm pase anba sye Palman an.

Comments are closed.