Aprè Ayiti te trayi Venezwela ak yon vòt istorik nan nasyon Zini, 2 peyi yo asèpte diskite koperasyon elektrik

2,313

04/09/2022

Enjenyè Rosemond Pradel ki se minis Travaux Publics et Communication e Orlando Maneir ki se Anbasadè peyi Venezwela nan peyi Dayiti te rankontre yè jedi 7 avril 2022 a nan kapital Dayiti a.

Yon parèy rankont te mete an evidans non sèlman diferan etap ki kapab pèmèt nan yon ti bout tan konekte ansanm rezo elektrik yo, men tou konsidere yon seri paramèt ki kapab fasilite ogmantasyon fòs prodiksyon EDH patikilyèman nan kapital la, Pòtopwens.

Nap raple ou, rapò diplomatik ant 2 peyi yo sou gouvènman rizib Tèt Kale Jovenel Moise la, te trè asidik akoz Ayiti te deside trayi Venezwela ak yon vòt istorik nan Nasyon Zini. Atravè Fon Petro Karibe a, Venezwela fè tout sa ke moun te kapab imajine pou te retire Ayiti nan fatra ak fè nwà. Ki sa li jwenn aprè se “Trayizon dirijan bèbè ki kraze yon gro lyen istorik pou timyèt pen ke yo pa menm jwen”. Souvan moun nap domestike yo pa janm dòmi reve egzistans nou kòm pèp e yo itilize nou pou nou fè djòb sal nan enterè yo alòske nou kontinye ap naje nan fatra ak imilyasyon.

Avèk ki figi defen Jovenel Moise tap arive gade Venezwela si li te vivan jodia? Avèk ki figi gouvènman sangwen PHTK Ariel Henry a antreprann diskisyon avèk peyi Venezwela pou ogmantasyon enèji elektrik? Provèb la di: “Se nan malè fè nwà, pou ou konnen si ou gen bon zanmi”. “Pa janm voye jete vye chodyè pou chodyè nèf”.

Enel Richard

Comments are closed.