Ministè Komès bay 2 numero telefòn pou konsomatè yo rapòte komèsan ki refuse afiche “to” an goud

304

09\26\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Ministè komès reyitere volonte li pou fè aplike arete 19 septanm 2018 la ansanm ak yon alatriye lòt kominike tankou 003 ak 004 ministè a ki chita sou obligasyon komèsan yo pou afiche pri byen ak sèvis yo an goud Lescot.

Konsa, ministè a mete disponib pou piblik la 2 numero telefòn (+509-2911-9928 e +509-2810-3631) pou konsomatè yo si tout fwa yo ta estime komesan yo leze dwà yo ki gen pou wè avèk afichaj byen ak sèvis ki pa an goud nasyonal la.

Daprè ministè komès la, kliyan ou konsomatè kapab rele pou fòmule konplent de espekulasyon ilisit ou komèsan ki refuse afiche “to” yo an goud selon “to referans” Bank santral la.

Comments are closed.