FENAFEMH deside òganize 3 jounen fòmasyon pou fanm yo nan depatman Nòdwès la.

3,191

02/19/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Se sou tèm “pwomosyon ak valorizasyon dwa sosyàl, ekonomik ak politik fanm yo” Federasyon Nasyonal Fanm Mè yo nan peyi Dayiti deside òganize 3 jounen fòmasyon djanm pou fanm yo nan depatman nòdwès la, sòti jedi 16 pou rive samdi 18 fevriye 2022 a.

Nan sans sa a, divès fanm te sòti nan tout bout kwen nan depatman nòdwès la pou vin mete nan tèt yo ti moso fòmasyon striktirèl sou leadership, politik, otonomizasyon fanm yo, bòn gouvènans se pami tèm dominan nan kad fòmasyon sila.

Konsa, federasyon an mande ak chak grenn fanm k ap viv nan peyi Dayiti notaman nan depatman Nòdwès la, pou yo entegre yo chak jou pi plis nan lavi sosyal, ekonomik ak politik peyi lakay.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.