Nofwàj : 2 sitwàyen ayisyen mouri nan dlo sale repiblik dominikèn e sekouris arive chape 7 lòt

2,556

02/19/2022

San Pedro Demakoris_______(TRiboLAND) Yon batiman ayisyen fè nofwàj  e okazyone 2 sitwàyen mouri ak 7 lòt ke Lamarin dominikèn arive sekouri nan zòn Ès repiblik dominikèn, dapwè yon kominike ke otorite maritim yo mete deyò jodi samdi 19 fevriye 2022 a.

Selon yon ekip pechè ki te pantan sou viktim yo a 35 kilomèt zòn blòk lil Katalina, konfime ke vwàyajè yo te genyen gwo bwile sou kò yo e te bay aparans moun ki te dezidrate.

Pou koulya, responsab yo achemine 2 kadav yo nan yon mòg e transfere nan yon lopital lokal nan San Pedro Demakoris. Sepandan, oken sous pa relate ki kote viktim yo tap ale.

Comments are closed.