Minis finans lan deside mete yon diplis sou lajan ajan piblik yo.

2,306

05-23-2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon memorandòm li mete deyò e ki date vandredi 20 me 2022 a, Minis ekonomi ak finans lan, Michel Patrick Boivert anonse direksyon jeneral bidjè ak direksyon jeneral tresò e kontablite piblik, yon diplis sou lajan ajan piblik yo.

Konsa, Boivert mande vit e prese pou genyen yon kokàd ki ale sou tèt salè ajan piblik pèmanan yo nan mwa me sila, jan sa ye nan nouvo barèm salaryàl ki ap fonksyone a.

Sepandan, jiskaprezan ouvriye Pak Endistriyèl yo poko janm eksprime satisfaksyon nan fason salè a monte a …..

Jn simon Manex

Comments are closed.