Samuel Fertil, yon bòs ebenis ki rive enpoze l nan peyi Bahamas gras ak talan li, malgre baryè akademik

0 3,856

01/02/2021

Freeport, Nassau______(TRiboLAND) Samuel Fertil sitwayen ayisyen, papa 5 pitit pran nesans sou katye Lòtbòpon nan vil Pòdpè, chèf lye depatman Nòdwès la.

Depi li te toupiti, manman natirèl Samuel abandone l. Se gràs ak yon fanm bonkè ki rele Man Nòcius ki te pase pran li kòm tikatkat e ede l fè bèl. Samuel, ki te genyen yon ti fizik fwèl, pat gen chans pwan wout lekòl. Sepandan, mari Man Nòcius, ki se Bòs Mocombe, yon chapantye trè koni nan vil Pòdpè te asèpte pran Sam ki pi devan ta pwàl montre yon kapasite ekstraòdinè nan imite tout sa granbòs li tap pwodwi.

Sam te kòmanse fè pwemye eksperyans li avèk travay bwà nan atelye Bòs Mocombe lan nan laj 12 lane.  Sam te toujou renmen kopye tout sa ki tap pwodwi nan santye a. Kòmanse sou siye bwà ak kenbe mato; li te abil nan fasone nenpòt sa li vle ak yon moso planch. Li te renmen fè ti machin, poflè, kabare, ak badin vèni anbwà tout kalite.

Samuel te trè polivalan malgre kapasite akademik li. Li tap asiste Man Nòcius nan yon ti demele pandan li tap asiste egalman Bòs Mocombe ak yon seri travay tankou pòt, chèz, tab, kaban, amwà, gadmanje, sèkèy e latriye. Aloske an 1977 Samuel kite Pòdpè pou antre Pòtopwens pou kontinye fè wout li nan aprann ebenis. 3 ane pita, lè sa li 20 ane sèlman, move lavi fòsel kite ayiti pou antre Naso, Bahamas. Rive laba li entegre yon atelye ebenis kap peyel 50$ chak semèn.

Kèk tan apwè, Sam ta pwàl devlope yon kapasite pou li travay e pwodwi ak yon seri zouti ke li pat janm itilize nan vi li. Konsa, li jwenn yon lòt konpayi kap peyel 5.50$ chak èd tan pou poze kabinèt ou plaka nan kwizin. Apwè anpil bèl travay, konpayi ameriken Mosko konstriksyon ki tap swiv Samuel pat pran tan pou Mennen l travay nan peyi Bermudes kote l pase 8 lane ap depoze bobjan bagay bèl kalite.

Pou kounya, Fertil kontinye ap fè mirak nan domèn ebenis lan. Li travay tout sa ki genyen avèk planch kòmanse sou charyo rive pou kabinè ofis ak klozèt. Se yon veritab jeni kap fè mirak devan pòt lakay mouche letranje. Yon parèy pwofesyon bay Samuel yon repitasyon enpekab. Atravè Bahamas. Papa responsab ke anpil moun bay respè, moutre anpil sousi pou fanmiy li. Ebenisye a genyen 5 timoun ki ale lekòl regilyèman, pami yo genyen 3èm nan kap aprann pilote avyon nan peyi etazini.

Bòs Samuel Fertil, malgre limitasyon akademik li, ankouraje tout jèn ayisyen pou yo pa rete sèlman fòkis sou aspè akademik lavi yo, men tou chèche detèmine potansyalite ou pwedispozisyon yo ki se yon seri eleman jenetik ou kognitif ki kapab ede yo chèche kote lavi fè kwen.

Pou kontak ak Samuel rele : 242-454-2523

Facebook : (8) samuel fertil – Search Results | Facebook


Leave A Reply