Radio Marconi nan vil Pòdpè fè distribisyon plis pase 200 jwèt yon lòt fwà ankò

1,983

Par John Jean Jacques

01/01/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan okasyon 218e anivèsè peyi dayiti, Direktè Radyo Marconi FM nan, Ychmuth Corneille alyas RAMBO bay jounen samdi premye janvye a plis pase 200 timoun jwèt.

Distribisyon jwèt yo te fèt nan lokal Radyo a ki tabli kòl nan ri Benito Sylvain, soti 14h pou rive 17h. Nan moman sa, anpil paran te kenbe men ti pitit yo pou mennen yo nan Radyo a pou vin resevwa kado yo.

Malgre van node ak anpil lakilbit 2021 an, Radyo Marconi nan tèt kole ak TRiboLAND vle kontinye mete yon souri nan vizaj timoun yo ak yon jwèt, nan mezi ke yo kapab.

Pou fini, jou dimanch 26 desanm 2021, te genyen plis pase yon santèn jwèt ki te distribye bay timoun.

Comments are closed.