Gro poban lapli kap tonbe sou komin Tigwav dènyè jou sa yo lakoz rivyè Ladig reprezante yon gwo menas pou vil la ak plizyè lòt zòn

1,539

Vandredi 4 novanm 2022

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen e sitwayèn nan zòn pon Ladig bay yon konferans jounen vandredi 4 novanm 2022 a pou panche sou problèm pon an ki riske mete andanje lavi moun nan komin Tigwav la.

Objektif konferans pou laprès la, daprè sitwayen yo, se te pou lanse yon maraton yon fason pou yo kolekte lajan pou achte kaburan yon fason pou fouye avèk pèl mekanik yon liye rivyè ak pon ladig ki reprezante yon gwo menas male pandye pou abitan yo nan zòn dig la ak sant vil Tigwav la.

Abritan yo ki mande patisipasyon tout moun, tout sektè nan vil la, ke se swa tigwavyen kap viv Pòtoprèns, Etazini, Kanada, Lafrans, Chili, Brezil, Bahamas, Sendomeng elatriye. Daprè abitan yo, depi’w se moun Tigwav, patisipasyon pa’w ap kapab ede nan kad travay sila a, pou evite yon katastwòf.

Selon sitwayen yo, genyen yon komite ki genyen 9 pèsonalite kap jere aktivite a, yo fè konnen, apati lindi 7 novanm kap vini la a, komite a ap pase lakay chak grenn moun, chak antreprenè pou fè leve defon, pandan yo kominike 2 nimewo ak moun Tigwav kap viv Pòtoprèns ak nan peyi etranje yo pou rele nan nimero: 3727 8808; 4826 7132.

Nap fe konnen, komite a presize yo deja genyen materyèl pou fè fouye dig la, sepandan yap chèche lajan pou yo achte gaz, daprè sa yo di, yap debouye yo pou kò yo, paske yo estime leta lokal ak santral pa ekziste pou popilasyon tigwavyèn nan, se yo mem kap veye sou pwòp tèt yo.

Nap fè remake, Pon Ladig nan Tigwav desèvi 3 depatman : Nip, Sid, Grandans ak yon bon pati nan depatman Lwès la.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.