Yon Chinwa ateste ke li koupab akoz li te fè foto baz Naval Etazini ki nan Florid

0 304

Key West/Florid___(TRiboLAND) Lyuyou Liao, se non yon Chinwa ki genyen 27 lane ki ateste ke li koupab yè Vandredi 22 Fevwiye 2020 an akoz foto yon baz Naval peyi Etazini ke li te pran nan eta Florid, dapwè jounal Miami Herald.

Akize a ki genyen 2 mwa depi ke li te jwenn arestasyon li apwè ke li zònn ki entèdi e itilize yon pòtab telefònn pou pran foto Stasyon Aeryen Naval (Truman Annex), te konparèt yè Vandredi a devan yon tribinal peyi Etazini nan Keys West, Florid.

Liao admèt kilpabilite li anba akizasyon pran foto ak desine enstalasyon defans yo ki pral pèmèt li fèmen pou yon lane dèyè bawo.

Nan finisman ane 2018 la, menm ensidan sa te pwodwi egalman, kote ke twa sitwayen chinwa te arive pran foto baz Key West la e subi menm pènn nan.

Leave A Reply