Nòdwès/manif : Fòs nòdwès ini òganize yon gwo mouvman manifestasyon kòt a kòt ak jounen endepandans peyi Dayiti nan nòdwès.

2,340

01/02/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jounen 1 janvye 2022 a, Fòs Nòdwès Ini ki genyen nan tèt li, Paul Elie Faustin rive òganize yon mouvman manif nan vil Pòdpè nan lide pou fè pase yon divès kalite revandikasyon popilè.

Yon manifestasyon kite tanmen apati Riyèl Aleksi pase Riyèl Valyè pran Ri Kapwa pou al bout nan pye estati Kapwa Lamò a nan zòn avni Twarivyè a.

Pandan pakou a, militan FòsNou yo te pote divès kalite pankat, kote yo tap voye yon ansanm eslogan tankou: sistèm nan pouri li mande chanjman, sispann manje kouraj nèg geto, aba kidnapping, wout lasalin nan tounen yon lanfè, JN Baden Dubois sispann kidnape lajan malere yo, mete sou divès lòt kalite revandikasyon.

Li enpòtan pou konnen, malgre militan yo tap siyonnen vil la, nan dat fèt endepandans peyi a, sa pat anpeche yo voye yon piga bay gouvènman Ariel Henry a ak tout akolit li yo, kap pataje pòs nan depatman nòdwès la notaman nan vil Pòdpè.

Pou fini, militan FòsNou yo mande ak moun sila yo, pa touche APN ak Delegasyon, paske dapwè yo, bwat sa yo dwe rete pou sèvi popilasyon an ak kondisyon pou ede yo menm ki tap pran gaz nan lari a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.