Okay anba tansyon apre lanmò 2 jèn gason anba bal nèg ak zam nan zòn Chapantye

10/15/2026
Okay, Ayiti______(TRiboLAND) Moun ak zam yo pa rive idantifye touye de jèn gason yo konnen sou non Zazou Ensikoni ak Bebe Ensikoni nan zòn Chapantyr, nan vil Okay, aprèmidi mèkredi 14 oktòb 2026 la. Aksyon sa a pwovoke gwo kòlè nan mitan popilasyon an, ki te manifeste mekontantman li lè otorite yo te vin leve kadav viktim yo aprè konsta legal la. Sitiyasyon an te vin pi grav lè plizyè moun te opoze ak desizyon otorite yo pou retire kò yo, sa ki te lakòz fòs lòd yo itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la.
Konfwontasyon ant otorite yo ak manm popilasyon an te lakòz gwo tansyon nan zòn nan. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, toude bò yo te lanse divès objè youn sou lòt pandan ensidan an. Evènman sa a lage anpil abitan nan gwo enkyetid, pandan laperèz ap ogmante nan mitan popilasyon an, ki pè pou gwoup nèg ak zam yo pa vin tabli baz yo nan zòn Chapantye. Sitiyasyon sa a vin ajoute sou klima ensekirite k ap ravaje plizyè rejyon nan peyi a, kote lavi sitwayen yo rete anba gwo menas.
Devan ensekirite k ap ogmante a, plizyè manm nan popilasyon an leve vwa yo pou mande gouvènman an aji. Yo voye yon mesaj bay Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, pou mande l pran mezi konkrè pou pwoteje lavi ak byen sitwayen yo. Genyen nan yo ki estime, si chèf gouvènman an pa kapab bay rezilta devan kriz la, li ta dwe kite pouvwa a. Pandan se tan, lanmò de jèn gason sa yo nan Okay relanse deba sou kapasite otorite yo pou garanti sekirite popilasyon an nan yon peyi kote enkyetid ak ensekirite kontinye ap vale teren.






