Venezwela denonse yon koudeta pa lanmè ki pwepare nan Kolonbi

0 333

Karakas____(TRiboLAND) Yon tantativ pou anvayi espas maritim peyi Venezwela pase jodi Dimanch maten 3 Me 2020 an si nou ta vle kwè Minis Jistis la, Nestor Reverol ki tap pran lapawòl sou yon chènn televizyon piblik.

“Yon gwoup mèsenè tèworis ki mare sosis yo avèk peyi Kolonbi tante antre sou tèritwa venezwela avèk yon fasilite sou yon seri ti chaloup rapid sou zònn kotyè Leta Guaira a. Objektif yo se te pou komèt gwo zak tèworis epwi asasine divès lidè gouvènman revolusyonè a; konsa, sa ta pral debouche sou yon koudeta.

Osito responsab Leta Venezwela a te enfòme de operasyon an, ame venezwela a te imedyatman entèvni. Genyen apepwè 8 nan pwezime tèworis yo ki mouri, 2 lòt arete anplis de sa, yon asnal zam sezi, dapwè Diosdado Cabello.

“Se te yon plan ki te fabwike anndan peyi Etazini, ki tap eseye itilize ajan DEA ak narkotrafik pou yon envazyon militè nan peyi a.  Se reyèlman yon wont pou pwòp pitit peyi venezwela patisipe nan yon parèy operasyon.”

Bò kote pa li, ansyen Jeneral retrete, Herbert Garcia Plaza panse ke se yon operasyon ki lage anpil dout sitou li pa kwè ke gwoup ki debake nan zònn iben an te trè pwòch Karakas apwè ke yo fenn pakouri apepwè 800 km nan yon seri ti chaloup rapid.

Leave A Reply