190 megawàt kouran pral disponib gras ak yon prè 150 milyon dola nan men Tywann

295

Pòtoprens____(TRiboLAND) Minis Travay Piblik ak Transòtasyon e kominikasyon an, Enjenyè Nader Joaséus konfime 190 megawàt kouran pràl disponib avan lontan nan peyi Dayiti.

Kantite megawàt sa ap soti nan yon santral fotovòltaik e 60 lòt nan yon lòt santral tèmik, dapwè sa ke Mesye Joaséus rapòte bay jounal “Le Nouvelliste” yè mèkredi 15 jwiyè 2020 an.

Se yon pwojè ki genyen plizyè etap ladan’l e gen anpil gwo desizyon sou envèstisman ki gen pou anonse nan jou k’ap vini yo, daprè Minis TPTC a ki pa bay yon dat fiks pou enstalasyon megawàt sa yo.

Sepandan, se yon seri projè k’ap kapab materyalize gras a yon prè 150 milyon dola bò kote peyi Tywann.

Comments are closed.