“Institut de gestion de gouvernance et des études publiques”, òganize premyè jounen senpozyòm yo sou gouvènans, nan Sal Pawasyal Pòdpè a.

981

Se sou tèm “Symposium sur la gouvernance”, Enstiti Jesyon Gouvènans ak Etid Piblik, demare 2 jounen senpozyòm yo, jounen vandredi 18 dawou 2023 a, ki pral bout demen samdi 19 dawout a.

08-18-2033

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Se sou tèm “Symposium sur la gouvernance”, asire bon fonksyonman, mete bon kontwòl nan Leta a ak Kolektivite Tèritoryal yo, Enstiti Jesyon Gouvènans ak Etid Piblik lanse 4èm edisyon seyans deba yo, aprè patisipasyon 3 lòt depatman, nan depatman Nòdwès peyi Dayiti, patikilyèman nan vil Pòdpè.

Pou demare ak senpozyòm nan, Emmanuel Joseph ta pral entèveni sou tèm: “Implication des jeunes dans le dévloppement territorial en Haïti”. Nan sans sa a, entèvenan an mande ak jenès Nòdwès yo enplike yo nan devlopman lokal peyi a, paske baz richès ak avansman peyi Dayiti, se seksyon kominal yo ak komin yo.

Pou fini ak premyè jounen an, yon lòt bò, ansyen depite Déus Deroneth ta pral chita ekspoze motif li a, sou: “La gouvernance de la section communale, une alternative pour développer Haïti”.

Comments are closed.