Yon 20 èn jèn resevwa Sètifika aprè 3 mwa fòmasyon nan jeni ak enfòmatik

272
0
Share:
TRiboLAND

02/05/2026

Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Majistra Wilson JEUDY, ansanm ak Direksyon Jeni ak Sèvis Enfòmatik Mèri Dèlma, te òganize yon seremoni remiz sètifika pou 20 jèn stajyè ki sot konplete avèk siksè yon fòmasyon entansif 3 mwa nan domèn jeni ak enfòmatik. Aktivite a te dewoule nan yon anbyans solanèl, kote fanmi, fòmatè ak otorite lokal yo te vin soutni efò jèn sa yo.

Nan okazyon an, plizyè patisipan te eksprime gwo satisfaksyon ak rekonesans yo anvè Majistra a ak ekip fòmatè yo pou opòtinite yo te resevwa a. Yo konsidere fòmasyon sa a kòm yon etap enpòtan ki pral ede yo amelyore kapasite pwofesyonèl yo, elaji chans yo sou mache travay la, epi konstwi yon avni miyò pou tèt yo ak kominote yo.

Nan mesaj sikonstans li, Majistra Wilson Jeudy te pataje eksperyans pèsonèl li ak jèn yo, souliye enpòtans vizyon, disiplin ak detèminasyon nan lavi. Li te ankouraje yo pran desten yo an men, rete konsantre sou objektif yo, epi vin aktè chanjman nan sosyete a, pandan li raple yo ke avni peyi a repoze sou angajman ak kapasite jèn yo.

Share:

Leave a reply