Melchie Daelle Dumornay: 5èm mèyè jwèz nan football feminen an sou planèt la

509

03/25/2021

Pòtopwens________(TRiboLAND) Melchie Daelle Dumornay klase kòm 5èm mèyè jwèz nan football feminen sou planèt la, dapwè piblikasyon “Goal Magazine”, yon jounal espòtif ki sòti madi 23 màs 2021 an.

Melchie Daelle Dumornay, alyas “Corventina”, ki se yon natif natal Mibalè e ki pa manje anyen ki fwèt nan kesyon jwèt boul fanm nan, klase kòm 5èm mèyè jwèz nan football feminen mondyàl U20 an, dapwè sa ke “Goal magazine” pibliye.

Se yon valè ajoute ou yon asèt pou repètwà eksperyans Corventina ki, nan moman sa ap evolye nan pwemye divizyon nan yon gwo club, “Olympique Lyonnais” nan peyi Lafwans ki chanpyon 5 fwa deja.

Yon parèy distenksyon fè non sèlman onè club ke jwèz la ap evolye a, men li leve eskanp fiki fanmiy ak peyi Dayiti nan yon moman nwa kote ke peyi ap trepase! Bwavo “Corventina” pou yon parèy akonplisman a laj 17 lane sèlman!

Comments are closed.