Prezidan CSPJ a, Réné Sylvestre pèdi vi li anba kowonaviris nan Mibalè

541

06/23/2021

Mibalè_______(TRiboLAND) Tankou jan sa te pwevwa sitiyasyon sante pwezidan CSPJ a, Réné Sylvestre te kritik anpil, li tap lute anba kowonaviris la, finalman li ta lage yon kite sa.

Se vre, rumè ki te vle fè kwen ke Mesye Sylvestre te kòmanse ap bwè bouyon e ti amelyorasyon yo te bay yon ti lòzèy espwà; sepandan, sitiyasyon yo vin deteryore nan moman kouraj li trayi li pandan mannèv swenyaj medikal yo nan lopital Mibalè, selon yon sous konfidansyèl.

Bat je, bagay yo deteryore pou Alatèt CSPJ a ki malerezman lage bay pandemi jodi mèkredi 23 jwen 2021 an nan lopital Mibalè, yon lopital ki sèvi refij pou yon pakèt gwo chabwak kap pran swenyàj kont kowonaviris.

Jij Sylvestre te genyen 28 lane nan aparèy jidisyè peyi Dayiti a. Li mouri akoz konplikasyon respiratwà anba grif kovid-19.

Ke nanm onorab Réné Sylvestre repoze nan lapè!

Comments are closed.