Reprezantan sosyete sivil pou depatman Nòdwès la, deklare ke li fristre fas ak sityasyon ma swife depatman an, depi aprè asasinay ansyen chèf Leta peyi Dayiti a.

1,019

“Mwen fwistre”, se deklarasyon pastè Jean Claude Thervil, ki bouke wè sityasyon lamantab depatman Nòdwès la, patikilyèman vil Pòdpè.

07-04-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ak laprès jounen madi 4 jiyè 2023 a, reprezantan sosyete sivil pou depatman Nòdwès la, pastè Jean Claude Thervil, degaje ansanm fwistasyon li, fas ak yon latriye pwoblèm depatman Nòdwès la ap konnen depi aprè asasinay ansyen chèf Leta peyi dayiti a, msye Jovenel Moïse.

Nan sans sa a, pastè Jean Claude Thervil, eseye drese bay laprès yon tablo kritik sou eta avansman wout Pòdpè/Ansafolè a, ak twonson wout tè bati, Pòdpè/Jan-Rabèl la, san konte pwoblèm elektrisite, pwoblèm sante, dlo e poun site sa yo sèlman, ki pa fè yon pa kita, yon pa nago.

Plede anfavè yon amelyorasyon pou depatman Nòdwès la, reprezantan sosyete sivil la, nan sans sa a, adrese li ak minis travo piblik la, Rosemond Pradel ansanm ak akolit li, PM PHTK a, Ariel Henry, pou mande yo, ki sa yo genyen ak Nòdwès? Ki sa Kapwà Lamò tef è peyi a? Se fwistrasyon pastè Jean Claude Thervil, ki pawè okenn volonte ditou bò kote ekip kap dirije a, pou travay nan Nòdwès.

Comments are closed.