Plizyè sitwayen nan komin Mibalè denonse konpòtman kèk endividi k’ap vòlò fè nan yon Lise ki pokò fin konstwi.

285
0
Share:
TRiboLAND


06 – 12 – 2024

Mibalè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen nan komin Mibalè leve vwa yo byen wo nan mikwo laprès jounen mèkredi 12 jen 2024 la, pou denonse konpòtman kèk endividi mal entansyone ki pran malen plezi koupe poto fè pou vòlò, nan kad konstriksyon yon Lise ki te kòmanse konstwi ki pa fini.

Yon lòt bò, sitwayen yo denonse kèk manm nan popilasyon an ki sèvi ak plizyè chanm nan espas la pou regle bagay vodou yo.

Fas ak konpòtman dezagreyab endividi sa yo, gwoup sitwayen angaje nan komin nan mande Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan tèt kole ak otorite lokal yo nan komin nan, pou yo pran responsabilite yo non sèlman pou konstwi Lise a, men tou, pran mezi drastik kont vòlè kap deboulonnen batiman piblik popilasyon an.

Share:

Leave a reply