Yon lise wo nivo kap koute 16 milyon dola pou Katye Moren

466

03/25/2021

Pòtpwens____(TRiboLAND) Se yè mèkredi 24 màs la ke Minis Afè Lòt bò Dlo a, Claude Joseph, Minis Edikasyon Nasyonal la, Pierre Josué Agénor Cadet, Anbasadè Tywann, (Repiblik Lachin) ki nan peyi Dayiti, Richard Wen-Jiann Ku sinye yon papye tenbwe pou yon akò avèk yon konpayi konstwiksyon peyi Tywann ki rele Overseas Engineering & Construction Co., LTDA S.A. (OECC), ki pràl konstwi yon lise referans nan Katye Moren, depatman Nò peyi a avan lontan.

Pou yon bagatèl 16 milyon dola, lise sa pràl layite sou 8,500 mèt kare e l’ap genyen kèk espesyalite ke ou pa jwen nan kèk lòt tankou: plizyè laboratwà, yon teren football, dòtwà pou pwofesè ak etidyan, yon teren pou kous, yon pisin olempik ak yon bibliyotèk.

Selon minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet ki t’ap depose anfavè gouvènman Jovenel Moise la, mete anfaz sou efò ak sakrifis ansye prezidan an ki arrive konstwi plis pase 200 etablisman eskolè pandan 4 lane, san konte 300 lòt ke yo arive repare.

Minis Cadet rapouswiv pou li di, se apepwè 10 lise referans ki gen pou konstwi, swa youn pou chak depatman; yon inisyativ ke Jovenel Moise detèmine reyalize atravè tout peyi a. “Tout sa fè pwèv yon nouvo temwanyàj, volonte djanm gouvènman Tywann nan ede gouvènman ayisyen nan efò pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an ak devlopman sosyo-ekonomik,” dapwè minis Claude Joseph ki t’ap depose.

Akote sa, anbasadè Tywann nan deklare li egalman fè eta de valè edikasyon ki se yon dwà pou tout kretyen vivan sou latè. Li rete kwè, gouvènman tywann nan pataje ak peyi Dayiti rèv yon jenès ki byen edike.” Daprè li, yon parèy envèstisman ap genyen pou pote yon pakèt bèl retonbe pozitif pou plizyè lòt jenerasyon nan peyi Dayiti.

Comments are closed.