Saintal ensi koni, alyas ranplisay se non yon jenn gason ki pwan bwa kale aprè’l te finn vòlè kèk sak chabon nan yon depo.

792

03 – 03 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Manm popilasyon an nan Jeremi zònn Wout Nèf, aplike fòmil bwa kale a, sou yon residivis ki rele Saintal ensi koni, alyas Ranplisay. Yo akize li volè 2 sak chabon nan yon depo chabon sou Wout Nèf, lokalite Karakoli.

Anpil moun nan Jeremi, kalifye zak maspinay sou Saintal lan kòm yon krim odye ki genyen anpil diskriminasyon akoz manm popilasyon an, pa janm arive fè bwa kale pou bandi ak zam nan Jeremi, kap komèt gro krim sou sitwayen ak sitwayènn pezib yo nan komin nan.

Malgré kèk nan obsèvatè yo, fè konen la lwa ,entèdi pou pèson pa pran sak pa pou ou; men fòk genyen konsiderasyon pou malere ki nan nesesite; tou senpleman yo te dwe arete Saintal e mete’l nan.prizon sivil Jeremi an.

Comments are closed.