Moun Mibalè enskri Guillord Ora nan pwogram bwa kale a!

542
3
Share:
TRiboLAND

09 – 06 – 2024

Mibalè, Ayiti _____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Mibalè enskri Guillord Ora nan pwogram bwa kale a jodi vandredi 06 septanm 2024 la, nan moman fòs lòd yo tap soti Beladè pou antre Mibalè ak li.

Popilasyon an, nan objetif pou bay larepiblik yon bouràd, anvayi machin lan, yo pran-l nan men Lapolis epi siyen papye pou li, pou peyi san chapo.

Guillord Ora se yon prezime bandi, 2è chèf group gang Makari kap opere nan zòn Rivyè Fwad,  komin Kafou. Lapolis te arete prezime asasen an nan zòn Beladè nan jou ki sot pase yo

Popilasyon an di yo bouke ak tout malfwa ki pa sispann fè yo kriye ak dechèpiye yo chak jou ki jou.

Share:

3 comments

  1. Douze Dieunitha 7 September, 2024 at 10:05 Reply

    Nan peyi dayiti koz ensekirite a vin gen anpil demagoji kap fèt nan peyi si leta ayisyen te pwan responsabilité yo pa TAP gen tout bagay sa yo

    Triboland mont organisé

Leave a reply