Ladwàn pràl entèdi koli anndan machin antre nan peyi a apati 5 avwil pwochen

609

03/25/2021

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon memorandum li mete deyò nan dàt 24 màs 2021 an, Administrasyon Dwàn andan peyi Dayiti anonse apati 5 avwil pwochen, Ladwàn pap asèpte oken machin debake ou dedwàne ak bagay pèsonèl anndan yo.

Yon parèy dispozitif pa konsène pò Okap Ayisyen avèk Pòtoprens yo; sepandan, li vize pou konbat aktivite ou antre zàm ilegal ak munisyon sou tèritwà nasyonal la. Konsa, jiskaske desizyon sa yo efektif 5 avwil pwochen, yon pwosesif verifikasyon sere sere ap enpoze sou tout koli bataklan ki anndan tout machin kad antre yo.

Nap raple dispozitif say o pa regade ni pò Okap Ayisyen ak Potopwens, kapital peyi a.

Comments are closed.