Yon chofè kamyon tonbe anba bal bandi nan lokalite Bayas, sou wout Laskawobas la.

786

Ti Fritz ensikoni, se non yon chofè machin ki tonbe anba bal 2 endividi, nan zòn Bayas.

Mibalè, Ayiti_____(TRiboLAND) 2 endividi pèsòn pa rive idantifye ki tap sikile abò yon motosiklèt, ouvè kout bal sou, Ti Fritz ensikoni, yon chofè machin sab nan mòn Bayas, zòn Pilòn Dijisèl sou wout Laskawobas la.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvèl redaksyon nouvèl TRiboLAND fè konnen, 2 endividi ki tap sikile abò motosiklèt sa yo, ta pral chèche ti Fritz nan ri Pilòn, ki te kanpe machin li, nan sant vil Mibalè pou vann sab, ta pral pèdi lavi li kèk tan aprè, ak divès kout bal nan tèt.

Nouvèl yo rapòte, aprè gwo zak kriminèl si la, bandi gran chemen yo ta pral kite lye krim nan kè pòpòz akòz enpuisan popilasyon an.

Pou koulya ti Fritz ensikoni, ap glase nan mòg aprè tout konsa legal yo.



Comments are closed.