KEP mete deyò yon kalandriye electoral ki fikse dat pwemye ak dezyèm tou eleksyon yo

07/27/2026
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Anfen, kalandriye elktoral la resi pibliye jodi lendi 27 dawou 2026 la anba sinyati ofisyèl Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Nan anons ke li mete deyò, KEP anonse ke pwemye tou eleksyon yo ap fèt apati 13 desanm, e dezyèm tou yo ap reyalize apati 21 fevriye 2027.
Toutfwa, enstans òganizatè eleksyon yo vle raple tout moun ke dosye eleksyon se yon responsablite pataje ant plizyè enstans. KEP genyen pou responsablite òganize eleksyon yo, alòske pouvwa egzekitif ak tout lòt tokay genyen lòt responsablite.
Nan sans sa, pouvwa egzekitif la genyen pou devwa garanti sekirite adekwàt pou eleksyon yo òganize nan yon klima ki pwopis ou sekirize. Nap espere ke fwa sa se pou bon; pèsòn pa ta swete wè demakaj ak kout gidon mèt dam bò kote egzekitif la ki pa ditou yon dirijan ke sitwayen ayisyen yo fè konfyans.






