Yon nouvo antrenè pou seleksyon nasyonal la: Jean-Jacques Pierre

271

03/11/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon pwen près ke li bay yè mèkredi 10 màs 2021 an, Alatèt Komisyon Nòmalizasyon Federasyon Ayisyèn Footbòl la, Mèt Jacques Létang konfime ofisyèlman nominasyon Jean-Jacques Pierre kòm antrenè seleksyon nasyonal la.

Jean-Jacques Pierre ki pràl genyen Jean Claude Josaphat kòm konpayèl e ki se antrenè aktyèl Asosyasyon Espòtiv Mibalè a, pràl fè premye eksperyans match konpetitif li ak seleksyon nasyonal la fàs ak peyi Beliz sou pelouz Sylvio Cator 25 màs pwochen. Yon rankont ki pràl chita sou eliminatwà Koup mondyàl Kata yo an 2022.

Nap fè ou sonje, Jean-Jacques Pierre ki se antrenè tou nèf seleksyon nasyonal la, ranplase entrenè orijin matinikè a, Marc Collat ki rive nan fen manda li.

Comments are closed.