Ekip Nasyonal Foutbòl Ayisyen konte jwe apepwè 8 match chofe jarèt atravè Eta Florid la

585

06/18/2021

Fort Lauderdale______(TRiboLAND) Apwè rankont defavorab seleksyon nasyonal Foutbòl Ayisyen an fas ak seleksyon Kanadyèn nan, Grenadye yo pa sispan ap ranfòse egzijans jwèt woule boul la nan nivo Eta Florid la, dapwè sa Vis-majistra vil Lauderhill la, Denise Grant konfye TRiboLAND jodi vandredi 18 jwen 2021 an.

Antouka, se pwàl yon seri aktivite espòtiv ki antre nan kàd selebrasyon “Mwà Karaibeyen-Ameriken Kanpe Djanm” lan.

Grenadye yo konte jwe 8 match chofe jarèt nan interMiami Stadium ki nan Fort Lauderdale. Kidonk, atravè Konsèy Munisipal vil Lauderhill la, nan Florid, manm Konsèy Rekreyasyonèl munisipal la, nan tèt kole avèk Vis-majistra a, Denise Grant ak devouman Antrenè Roody Lormera ap miltipliye demach ak bwàsaj pou fasilite mwayen lojistik yo ak pis antrènman yo.

Osito orè jwèt woule boul la disponib, TRiboLAND pap manke avèti gran piblik ansyen an ki nan Sid Forid la.

Comments are closed.