Pòdepè: Tét Kole Tipeyizan Ayisyen mande pou pèp Ayisyen an kale je l, idantifye tout palmantè ènmi li yo depi jounen Mèkredi 7 Dawou 2019 sa a

0 376


Pòdpè__(TRiboLAND) Jounen Mèkredi 7 Dawou 2019 sa-a, se yon jounen enpòtan pou pèp ayisyen an; yon jounen kote tout je rete fikse sou palman ayisyen an. Chanm depite a, sitou depite nan opozisyon ki pare jounen sa-a pou mete Pwezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moïse an akizasyon, sa vle di pou-l al reponn ak move zak l ap poze anndan peyi sa-a e se yon jounen tou kote pèp Ayisyen an ap rive idantifye vrè ènmi li yo, sitou ak miz annakizasyon depite opozisyon an ap mete nan dègonn Chèf Leta a, Msye Jovenel Moïse.

kòwòdonatè Nasyonal Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen Rosnel Jean Baptiste,



Selon kòwòdonatè Nasyonal Tèt kole Tipeyizan Ayisyen an, Rosnel Jean Baptiste, se yon moman pou pèp ayisyen an kale je-l yon mannyè pou-l ka rive idantifye palmantè ènmi li yo, palmantè ki bliye vrè atribisyon yo, ki se fè lajan sou do mas pèp la.

Kòwòdonatè a rapousib pou-l di, gen anpil depite ki dejà gen anba ponyèt yo lajan ameriken, motosiklèt ak diri pou bòykote seyans mizannakizasyon an kont Jovenel Moïse ki gen non-l tranpe nan divès kalite vye zak atravè peyi a, pami yo “Rapò Kousiperyè dèkont la kote non Prezidan Jovenel Moïse site yon latriye fwa kòm moun ki gaspiye lajan Fon Petwokaribe a.

Tout palmantè ki kanpe ankwa pou bòykote seyans mizannakizasyon depite yo nan opozisyon an fè kont Chèf Lokatè Palè Nasyonal la pou anpeche l pa reponn ak zak k ap peze sou do l tankou: gaspiyaj Kòb Fon Petwokaribe a ,masak Lasalin ak Liberasyon 7 mèsenè yo, machin politik ap pase sou yo tout ansuit pèp la gen pou ba yo repons nan pwochèn eleksyon paske lwa eleksyon toujou danse nan tèt yo .

Selon Rosnel Jean Baptiste, li pa yon sekrè pou pèsonn, peyi Dayiti pap dirije. Se kòb ni Palè Nasyonal , ni palè Lejislatif ap fè sou do popilasyon an ki toujou ap viv yon mizè nwa e k ap viktim chak jou Bondye mete anba zak kidnapin, anba zám bandi.

Fòk Prezidan Repiblik la, msye Jovenel Moïse, ke non-l site nan divès kalite vye dosye santi atravè peyi-a tankou: gaspiyaj kòb Fon Petwokaribe a, Masak sou Pèp Lasalin, Liberasyon 7 mèsenè yo san ankenn eksplikasyon, san konte bandi ak kidnapè ki achte Tè Desalin nan lajan kontan, remèt demisyone-l, pou-l ka vinn bay popilasyon an eksplikasyon sou zak kap peze sou do-l pandan li bat bravo, lakontantman pou depite akizatè yo ki panse mete Jovenel Moïse an akizasyon pou-l ka vinn reponn sou fason lap mennen bak peyi Dayiti a, selon Kowòdonatè Tèt kole Tipeyizan Ayisyen an, Rosnel Jean Baptiste .

Saint-Jean wiskis/ TRiboLAND

Leave A Reply