Jean-Baptiste Codestin, ki se pitit Jean-Marc Codestin key o te kidnape egalman jwen libersayon li

265

03/11/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Group gang sangwen Grand-Ravine nan, finalman libere Jean-Baptiste Codestin ki se pitit businessman, Jean-Marc Codestin, ki li menm tou te kidnape.

Se yon enfòmasyon ke moun kap fè rapòtè pou asosyasyon nasyonal pwopwiyetè ponp gaz yo (ANAPROSS), Marc-Antoine Nesi fè konnen.

Nap raple, kidnapping Jean-Baptiste Codestin an te reyèlman revòltan. Li te fèt nan yon kontèks ke moun pat janm wè avan. San manman yo te kidnape papa a ki se Jean-Marc Codestin e aprè nan moman Jean-Baptiste te asèpte bay ravisè yo ranson an, yo te egalman kidnape li e libere papa a. Yon doub kidnapping kite anpil sikatris sikolojik pou fanmiy Codestin an.

Comments are closed.