Nouvo antrenè seleksyon ayisyèn fanm yo, pale de kondisyon ke l te bay Responsab Federasyon an pou yon parèy djòb

3,035

John Jean Jacques, TRiboLAND.com

02/09/2022
Depi aprè depa Marc Colat, Federasyon Ayisyèn Foutbòl la te trouve l nan obligasyon pou trouve yon lòt antrenè pou kapab dirije seleksyon Ayisyèn Foutbòl la bò kote fanm yo pwiske peyi a ap genyen pou jwe eliminatwa plizyè konpetisyon. Reponsab Federasyon an te kontakte antrenè Grenòb 38 la, Nicolas Delépine, yon fransè ki genyen 43 lane pou vin pran tèt seleksyon an pale de kondisyon kel te bay responsab federasyon an.

Nan kad yon entèvyou ke li bay Grenòb 38, Nicolas Delépine ki se nouvo antrenè seleksyon Ayisyèn medam yo, fè konnen ke l pa vini nan seleksyon an pou li travay an tan plen. Teknisyen 43 lane a rabat pou l di : ” Yon bagay mw te fè lè Federasyon an te kontakte m, mwen te poze tout kondisyon’m. Mwen te di ke m pap kite pòs antrenè mw nan Grenòb 38. Pwiske yo patap chèche yon antrenè ki pou travay a tan plen, mwen te pale ak direksyon klèb la. Etandone ke rasanbleman yo se nan trèv entènasyonal yap fèt, pap gen pwoblèm. Se te sa kondisyon mwen te ye.”

Antrenè Delépine, pral gen pou mennen seleksyon an nan 3 konpetisyon enpòtan ki se Koup di Monn kap gen pou jwe an 2023, Je Olenmpik a Pari an 2024 ak premyè edisyon Gòl Kòp pou medam yo.

Comments are closed.