Anlèvman ansyen atakan seleksyon nasyonal la, Johnny Descollines: ravisè yo mande $500,000 ameriken

367

10\22\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Anpil sèktè nan sosyete ayisyèn nan mete 2 men nan tèt lè yo aprann anlèvman Johnny Descollines 46 lane, yon ansyen chouchou nasyonèl ke ravisè anleve yèswa nan Delma 33.

Ravisè yo egzije yon montan senk san mil dola ameriken ($500, 000) pou libere ansyè atakan nasyonal la ki te konn fè lonè peyi a nan divès konpetisyon football atravè lemon, notamman nan Gold Cup 2000 lan.

Vwa tout kalite pa sispan rele amwey pou reklame bò kote ravisè yo pou libere prese prese ansyen footbolè retrete a ki se yon “fièreté de la race.”

Comments are closed.