Roody Lormera, yon jèn antrenè k ap krache dife ak ekip U14 e U15 nan peyi etazini

3,098

Jameson Louis 01/12/2022

Etazini_____(TRiboLAND) Roody Lormera se yon Ayisyen ki pran nesans jou ki te 22 desanm nan ane 1982 nan zòn Laplèn, depatman Lwès Dayiti Jèn gason an nan laj timoun l, li te yon malad boul ki te metrize jwèt boul la je fèmen. Konsa, apwè karyè foutbòl li ki te chita sou yon pakèt suksè lokal ak entènasyonal, Lormera, nan travay kòm antrenè avèk yon seri jèn seleksyon tankou U14 ak U15 nan Sid peyi Etazini, ta pwàl dekouvwi lakay li yon lòt dimansyon “coaching” tèt chaje ki fasilite eksplà ak suksè nan yon pakèt chanpyona.

 Roody Lormera te demare ak karyè foutbòl li nan “Club Roulado Fc” nan lane 2001 pou rive 2003. Jèn jwè fouge e talantye, li te retwouve li nan yon match zanmitay ki te opoze ekip “Racing Club Haïtien” vs. “Club Saint-Louis”, Roudy te delivwe yon prestasyon tèt chaje, lè li te enskri 2 bijou gòl an pwezans dirijan “Club Boca Junior” yo kite vin jwe yon match chofe jarèt ak seleksyon nasyonal ayisyèn nan Stade Sylvio Cator a. Konsa, yon parèy pèfòmans te fasilite dirijan Boca yo ofwi Roody yon estaj nan peyi Ajantin.

 
Roody te genyen 16 rekòt lè li te antre nan peyi Ajantin pou yon estaj nan nivo foutbòl. Sa ki te trè enpwesyonan, depi sou pwemye jou estaj la, pèfòmans jwè balon won an te gentan sufi pou konvenk dirijan Boca yok e Roody genyen foutbòl anba talon pye l.

Jwè atakan an pat pran tan pou te entegre nan ekip U20 ayisyèn nan atravè “Operasyon 2006”. Konsa, li te arive chanpyon ak seleksyon nasyonal la nan lane 2007 nan peyi Trinidad. Pakou foutbòl Roody chaje ak bèl eksperyans tout kalite, patikilyèman nan woule balon nan peyi tankou : Costa-Rica, Honduras, Etazini e elatriye.

Roody Lormera genyen yon bon bout tan ap viv nan Eta Florid, Etazini. Li te deside kanpe nan jwèt boul la pou anbwase yon lòt karyè kòm antrenè foutbòl. Se yon lòt disiplin ke foutbòlè metrize djòl lolo. Anpil moun pa sispan mize sou konpetans ak kapasite li kòm yon antrenè ki sou men l e ki arive fè suksè nan mete do anpil jènn ekip atè atravè yon seri chanpyona.

Nan ane 2021 an, avèk yon pèfòmans enpwesiv, ansyen atakan an arive nome kòm youn pami mèyè antrenè nan Eta Florid ak 2 ekip atravè 5 chanpyona. Pwofesyonèl la arive genyen tout 5 chanpyona yo ki te fini an bote ak ekip U14 aloske pou ekip U15 lan li pèdi yon sèl pami 5 yo. Jèn antrenè a ap mache fè viktwa, sou 33 match li pèdi youn ak yon match nil. Anpil lòt club pa sispan fè Roody je dou. Nan moman sa, li se yon rekritè nan Miami Inter ki se ekip Beckham nan lakou Etazini.

Lormera ansyen atakan nan jwèt boul la ki devni antrenè ki konprann jwèt la epi pasyone de li tou se pou tèt sa li ankouraje jèn ayisyen yo dote tèt yo disiplin, marye foutbòl la ak lekòl, fè espò tankou, tenis, natasyon, basketball elatriye. Pa fimen, pa al nan fi bonè yon fason pou avni w pa gache. Angwo, kontinye batay pou w itil tèt ou paske reyisit ou depann de ou sou tè sila.

Anpil etranje tankou paran pa sispann admire e respekte konpetans ak pwofesyonalism Roody. Se tris pou yon sèvo tankou l pa arive jwen opòtinite pou retounen pou ede pwòp jèn ekip lakay li akoz tout yon seri kriz politiko ak sosyo-ekonomik.

Comments are closed.