Lapolis fouke yon manm gang Village de Dieu pandan yon operasyon tranble janm

1,376

09-03-2022

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Fòs lòd PNH yo arive fouke vandredi 2 septanm 2022 a, Delva Ojes, alyas “Depòte”, yon manm aktif group gang “5 Segonn” ki baze nan Village de Dieu.

Selon enfo yo, “Depòte”, se yon gro tonton manm ki danse kole ak asosyasyon malfektè chèf gang Izo a, ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan.

Konsa, bandi sangwen an trouve li jounen jodi samdi 3 septanm l’an nan gadavi pou rès fòmalite legal yo.

Comments are closed.