Yon group Congressman ameriken mande anbasadè Sison pou entèsede liberasyon group moun ke yo te arete nan tantativ koudeta a.

184

03/02/2021

Wachennton______(TRiboLAND) Nan yon lèt dekachte yon latriye Congressman ameriken voye bay anbasadè ameriken an nan peyi Dayiti, Michèle J. Sison, palmantè yo entèsede bò kote diplomat la pou fè yon manyè pou chita ak otorite konpetant ayisyèn yo fason pou moun tankou Louis Buteau, Dr. Marie-Antoinette Gautier, Marie-Louis Gautier ak yon latriye lòt ki ta sanble enplike nan panzou 7 fevriye 2021 an, jwen liberasyon yo.

Nan lèt sa, palmantè yo felisite volonte otorite konpetant yo pou liberasyon jij Dabresil; yo bay ochan tou a madam Sison pou gro travay lap fè nan kèk domèn anndan peyi Dayiti. Sepandan yo pwewokipe fas ak kontinwite enkaserasyon moun sa yo pou 90 jou ki kapab pwovoke destabilizasyon ekstrèm nan yon kontèks kriz politik, konstitisyonèl, pwotestasyon, vyolans e latriye kap bwàse bil peyi Dayiti nan moman sa.

Sepandan, group palmantè Tonton Sam yo di yo konpran ke PNH mande swit penal ak rekòmandasyon sistèm judisyè a ki se 90 jou pou deklare yon seri akizasyon fòmèl.

Nap raple, pandan pèp ayisyen atravè yon mega mach pasifik pat manke voye anpil toya piman bouk sou madam Sison dimanch kite 28 fevriye 2021 an, Congressman ameriken yo pwofite felisite bonjan travay l’ap fè nan bay demokrasi a jarèt nan peyi Dayiti.

Comments are closed.